Rezève machin elektrik abòdab, alimante pa solèy la.
Yon pwogram veyikil elektrik (VE) senp pou rezidan Boston ak Chelsea Housing Authority ak manm piblik la nan lokal Framingham ak Quincy yo. Rezève yon Zipcar, chaje ak solè nan stasyon chaj Beam, epi kite depans ak emisyon machin pèsonèl dèyè.

KISA SA YE
Yon fason senp pou rezève yon machin ki pwòp, silan, ak abòdab.
Rezève yon veyikil elektrik (VE) pa è epi w ap sèlman peye pou tan ou bezwen an. Asirans, chaj, ak sèvis ladan.
Fleksib ak konveneyan
Rezève yon machin pou yon èdtan oswa yon jounen. W ap sèlman peye pou tan ou bezwen an. San traka ki vini lè w pwopriyetè machin. Pa gen depans pou fè sèvis.
Epanye jouk $80 pou kòmanse
Rezidan ki elijib yo peye frè aplikasyon $0 ak sèlman $35/year pou afilyasyon Zipcar — ki fè yo epanye $80 konpare ak pri estanda yo. Asirans ladan.
Enèji pwòp, zewo emisyon
Kondi veyikil elektrik alimante 100% ak enèji solè. Chaj gratis ladan. Pi bon pou anviwònman an ak bous ou.
KIYÈS KI KA PATISIPE
Fèt pou kominote w.
Pwogram sa a bay rabè pou gwoup rezidan spesifik nan kat kominote. Chèche kominote w anba a epi tcheke pou wè si w kalifye pou rabè a.
Boston ak Chelsea
Rezidan pwopriyete Boston Housing Authority ak Chelsea Housing Authority gen de machin Zipcar ki rezève espesyalman pou w! Pwofite de aksè ki pou rezidan yo sèlman avèk yon rabè.
Quincy ak Framingham
Chofè ki enskri nan pwogram tankou SNAP, MassHealth, CCFA, ak WIC kalifye pou yon rabè pou machin sa yo. Ou pa enskri nan yon pwogram konsa? Pa gen pwoblèm. Ou ka sèvi ak machin sa yo nan pri nòmal la.
KÒMAN LI MACHE
Aplike Yon Sèl Fwa,
Rezève Nenpòt Lè
Apre yon verifikasyon elijibilite ak enskripsyon rapid, ou pare pou rezève nenpòt lè.
Verifye elijibilite
Aplike pou rabè esklizif ou yo pou verifye elijibilite w isit la .
Enskri sou Zipcar
Nan osi ti tan ke 3 jou ouvrab, w ap resevwa yon imèl k ap konfime elijibilite w ak yon lyen pou w enskri pou Zipcar.
Yon fwa yo apwouve w, ou tou bon – ou p ap janm oblije fè sa a ankò.
Rezève machin w
Ouvri aplikasyon Zipcar la, chwazi machin ak lè ou bezwen an, epi rezève li pou pakou ale retou. Fòk rezèvasyon yo fèt pou yon peryòd fiks alavans.
Deklete, kondi, epi remèt li
Sèvi ak app Zipcar la pou deklete machin nan. Kondi kote w bezwen ale, epi remèt li nan menm kote a lè w fini.
PRI YO
Pri ki klè. Bon jan rabè.
Chofè ki elijib yo epanye $80 nan moman enskripsyon ak plis lè w rezève machin nan.
FRÈ APLIKASYON
AFILYASYON ANYÈL
PRI PA È
$13/hr pandan wikenn
CHAJ SAN DLO NAN JE
VE se bagay fasil. Kite n montre w.
Gen kèk bagay nan veyikil elektrik ki pran tan pou abitye avèk yo. (Tankou son fredonnen an ak akselerasyon rapid.) Men kit ou debitan nan VE oswa pratikman pwofesyonèl, Gid Zipcar pral fè l fasil pou kondi youn.
APWOPO PWOGRAM PILÒT SA A
Premye patenarya konsa pou transpò ki pi pwòp, aksesib, ak abòdab.
Avèk finansman nan men Massachusetts Clean Energy Center, Metropolitan Area Planning Council an patenarya avèk Boston ak Chelsea Housing Authority e avèk vil Framingham ak Quincy pou mete stasyon chaj solè ansanm ak yon pwogram machin pataje ak veyikil elektrik.
Elaji aksè nan transpò elektrik ki pwòp pandan n ap asire kominote nan tout rejyon Boston an ka benefisye de tranzisyon VE a e pandan n ap soutni katye ki pi sanitè ak pi dirab.
PATNÈ PIBLIK YO
PATNÈ SÈVIS YO
Ou pare pou kondi gras ak solèy la?
Enskri nan kèk minit. Yon fwa yo fin apwouve w, ou ka rezève machin la sou telefòn w.
Aplike Kounye La









